Nou pale de Maladi Kolestewòl, jan nou konn rele l an ayiti, lè kantite Kolestewòl nòmal la vin twòp nan san an.
Kolestewòl la se yon "kò gra" ki endispansab pou tout selil nan kò a, li la pou pwodui plizyè òmòn men tou li jwe wòl nan kenbe anvlòp ki kouvri selil la an plas. Selil nan kò a genyen 2 kolestewòl, youn ke yo rele "HDL-cholesterol" ki se bon kolestewòl la e yon lòt ke yo rele "LDL-cholesterol" ki se move Kolestewòl la e se li menm ki responsab maladi sila. Move Kolestewòl sa konn sibi transfòmasyon e sa lakoz li vin ogmante twòp nan san an. Lè konsa, ògàn tankou fwa vin paka elimine kantite kolestewòl sa ki vin twòp la.
Avèk Kolestewòl sa ki vin twòp nan san an, fwa a ki pa ka elimine l , sa fè li vin tounen yon gwo bout tonton faktè ki kapab bay maladi tansyon, maladi kè ak AVC.
Kategori 1 : Fib ak Antioksidan
Nan kategori sa nou jwenn Fri ak Legim ki gen anpil fib tankou Pektin.
Pou antioksidan yo, n ap jwenn yo nan kawòt, zepina, chou, zabriko, piman dou, sitwon, frèz, chou vèt elt...
Kategori 2 : Zaboka
Konsomasyon zaboka enpòtan pou limite kantite Kolestewòl nan san an e li rich ak vitamin E. N ap jwenn lòt pwodui ki kapab jwe menm wòl sa tou nan kèk lwil tankou Soja, Colza, Noix, Oliv etc...
Kategori 3 : Sereyal
Sereyal yo jwe gwo wòl nan bese nivo Kolestewòl ki gen nan san an paske yo kapab diminye kantite grès ke kò a absòbe. Avwàn ak ble se pami kèk sereyal ki endispansab pou konbat maladi Kolestewòl e li pi bon pou manje yo nan plas diri, daprè etid lasyans yo.
Kategori 4 : Gous
Nan kategori sa, nou jwenn pwa chich, pwa vèt, pwa kongo, pwa nèg elt...
Nitrisyonis yo konseye n toujou fè manje nou yo ak legim kri oswa kit, pwa oswa sereyal epi kèk fri.
Kategori 5 : Pwason gra
Nou sitou jwenn Somon, Aran, Sadin nan kategori sila. Pwason gra sa yo gen anpil Omega 3 ki kapab konbat ogmantasyon move Kolestewòl la.
Menmsi an ayiti nou rele l "maladi kolestewòl" men li pa vrèman yon maladi, se pito yon faktè ki kapab bay kèk maladi tankou tansyon, kè elt...
Moun ki soufri maladi ren, maladi sik, gen anpil chans pou gen kantite kolestewòl yo ki vin twòp nan san yo , se pou sa li rekòmande pou yo gen kontwòl sou tout sa y ap manje.